O Bondye tanpri pitye pou mwen,
O koute vwa m’, ou a padonnen mwen souple, padon Papa.
1. Gen jou m’ leve, mwen lapriyè ou,
gen jou m’ leve, mwen neglije w’,
tanpri Papa, pa gade sa, bliye sa.
2. Lè m’ nan mizè, m’ rele w’, Papa
Ou ba m’ lajan, mwen ba w’ traka,
tanpri Papa, pa gade sa, bliye sa.
3. Lè m’ gen problèm, m’ priye Bondye.
Lè l’ fin ede m’, m’abandone l’,
tanpri Papa, pa gade sa, bliye sa.