La la la la la la la la la la la
Tout pitit Time, leve mache al jwenn limyè a.
Nwèl la rive la la la la la la la la la la la.
1. Nwèl la se limyè k’ fin klere fènwa.
Se ti Jezu pitit Mari a
Ki pote limyè frè mwen.
2. Nwèl la se renmen pou nou kab byen viv.
Nwèl la se fèt lajistis la
K’ap bay lapè tout bon vre.
3. Nwèl la se lavi pou nou pa peri.
Nwèl la se klòch delivrans la
Ki sonnen pou tout pòv yo.
4. Nwèl la se lajwa, nan tout kè sere.
Nwèl la se aba vye rankin,
Ni vye chagren kap souse m’.
5. Nwèl se pataje sa ki sou latè.
Nwèl se separe gato a pou chak moun
Jwenn pòsyon pa l’.