A la yon dat ki te bèl lè Jezu fèt.
Bèl anj k’ape jwi nan syèl vini nan fèt.
Vini klere, vini chante, vini fete.
Zetwal ki te tris lannuit depi tout tan.
Lè yo wè tout anj desann nan kè kontan.
Yo pran klere, yo pran danse, yo pran fete.
1. Depi yon jou, lanj Gabriyèl, te sòt nan syèl,
Te vin trouve lavyèj Mari, ba l’ yon nouvèl,
Li te di: Men ki favè, ou merite.
Bondye genyen Pitit li a w’ap enfante.
2. Avèk Mari, Jozèf te fè, twa jou nan rout.
Lè yo rive, nan Bètleyèm, yo te about.
Yo te si pòv, tout moun di yo: alevouzan.
Yo wè yon trou, bò gran chimen, yo rèt ladan.
3. Tout anj ki nan syèl va desann.
Ya va l’ jwenn pòv yo nan savann.
Se pòv yo k’a konnen kote Bondye ye.
Se yo menm ki va adore l’ an premye.
Tout kè ki te sere yo va lache,
Yo va chante, Yo va fete.