Nwèl an Ayiti, se yon fèt Lafwa, se yon fèt Espwa.
Dènye malere yo santi Delivrans yo.
S’on ti malere ki fèt betleèm enpi l’ se Bondye,
Se li ki fè syèl la, se li ki fè tè a,
Li tout an renmen, li s’on paròl fòs, yon fòs Delivrans,
Pou dènye bezwen nou, Li se repons Bondye.
1. Nou bezwen konnen Bondye renmen nou vre
Si nou gen lavi, se Bondye ki ban nou l’.
Chak moun s’on mèvèy Bondye fè avèk swen
Pinga meprize l’, menm si l’ pòv malere.
2. Nou bezwen respè pou len admire lòt,
Pou len rekonèt bon kè lòt la genyen.
Chak moun s’on mèvèy Bondye pote l’ sou bra l’,
Fò n’ admire li, poze sou kè Bondye.
3. Nou bezwen jistis pou n’ fè devwa nou byen,
Kote nou gen dwa, pou n’ fè respekte yo.
Chak moun s’on mèvèy Bondye met responsab
Pou lavi tout moun devlope nan respè.
4. Nou bezwen konprann Jezu se menm ak nou
Nou bezwen sonje li mouri pou nou chak
Chak moun s’on mèvèy, Jezu sonje l’ apa,
Chak moun s’on trezò k’ap sere tou pre kè l’.