a) Nwèl ala yon fèt.
Se Bondye ki vin kase dènye chenn.
Nwèl ala yon dat,
Se tout moun alaronn ki delivre.
b) Wi, wi Jezu vini kè nou kontan wololoy!
Wi wi mèsi lesyèl, mèsi Mari!
1. Nwèl, Nwèl Jezu vini se Bondye ki la.
Nwèl, Nwèl Jezu vini tè a sove o o o!
Nwèl, Nwèl Jezu vini Bondye tounen moun.
Nwèl Nwèl Jezu vini nou tout an Bondye o o o!
2. Nwèl Nwèl Jezu vini se pasyans lanmou.
Nwèl Nwèl Jezu vini se mèvèy lanmou o o o!
Nwèl Nwèl Jezu vini nou tout an lanmou.
Nwèl Nwèl Jezu vini se viv pou lanmou o o o!