Noèl se chak jou sou latè.
Noèl se lè youn renmen lòt.
Se kè kontan, kè poze:
Viv Noèl, viv Noèl.
Se Bondye k’ sòti nan syèl
Vin pote limyè.
1. Noèl se lè tout moun kanpe pou yo fete.
Noèl se viv avèk espwa.
Chak fwa de men kontre pou yo rekonsilye,
Se kè kontan, kè poze…
2. Noèl se lè ou akeyi yon etranje.
Noèl se frè k’ap ede frè.
Chak fwa ou ede yon moun sòti nan move pa.
Se kè kontan, kè poze…
3. Noèl se chak fwa w’ suiye dlo nan je yon moun.
Noèl se aprann pataje.
Chak fwa ou soulaje mizè yon malere
Se kè kontan, kè poze…