Se vini Granmèt n’ ape vin jwenn ou
Se tout nou menm k’ape vin jwenn ou
Afòs n’a chèche, n’a fini Granmèt pa rive jwenn ou.
1. Se tout nou menm k’ap pote chay
Do n’ fin manje nan pote chay.
2. Se tout mizè n’ n’ap pot devan ou
Tout tèt chaje n’ n’ap met devan ou.
3. Si gen de jou n’ gen kè kontan.
Se nan men ou n’ pote l’ anvan.