Alelouya… Amèn!.
1. Nanm mwen ap fè lwanj grandè Granmèt la;
Lespri m’ fete nan Bondye ki sove m’ nan.
2. Paske li gade jan Sèvant li a pòv.
Reyèlman vre, men depi koulye a,
tout jenerasyon ap di mwen gen chans.
3. Paske li fè fran mèvèy pou mwen,
Sila a ki gen pouvwa a,
4. Non l’ Sen, Kè sansib li pou jenerasyon ak jenerasyon
Sou moun ki respekte l’ yo.
5. Li fè bagay ki mande fòs ak bra l’,
Li gaye moun ki te gen lògèy nan kè yo.
6. Li jete sa k’ gen pouvwa yo sot sou fotèy yo,
Li leve sa k’ tou piti yo,
7. Li plen sa k’ grangou yo ak byen,
Li ranvwaye sa k’ rich yo men vid.
8. Li soutni Israyèl, Sèvitè l’ la,
Li sonje kè sansib li a,
9. Jan l’ te pale ak zansèt nou yo,
Abraam ak ras li pou tout tan.
10. Viv Papa a ak Pitit la, ak Lespri Sen an,
Tankou nan kòmansman, ni koulye a, ni tout tan,
ak pou tout tan gen tan. Amèn.