Nan menm pen an n’ manje,
Nan menm diven nou bwè,
Tou sa vle di nou se frè.
Nou pa dwe gen dezakò
Pami nou, frè m’ yo.
1. Pitit yon sèl Papa nou ye,
Pinga dezakò
Se nan menm Bondye a nou kwè,
Pinga dezakò
Nou tout se gouvènman Bondye n’ap tann,
Pinga dezakò
2. Se yon sèl manman nou genyen…
Pitit li Jezu se gran frè nou…
Li menm ki te mouri pou sove nou…
3. Men jan Bondye padone nou…
An nou sipòte prochen nou…
Konsa Bondye va sipòte nou tou…