Nan chemen fènwa pye m’ kase,
Nan chemen fènwa mwen tonbe.
Granmèt pou m’ pa roule,
Kore mwen.
1. Lè m’ap plede fè sa k’ mal,
M’ap mache nan chemen lanfè.
Mwen kanpe devan kafou,
M’ape kloure sèkèy mwen.
2. Mwen chita nan fè abi.
M’ap vòlè sa ki pa pou mwen.
M’ap dechire malere,
M’ape koupe souf pòv yo.
3. Mwen pa vle wè verite,
Se manti, se blòf mwen konnen.
Lang mwen tounen yon kouto
Pou koupe lavi lòt yo.