Mwen vin remèt ou kè mwen, tou sa m’ ye ak lavi mwen.
Mwen vin ofri ou tèt mwen, aksepte li tanpri souple.
1. Se ou k’ ban m’ lavi, pou m’ kapab aji,
Se ou k’ ban m’ kouraj, pou m’ kapab travay,
Se ou k’ gen pouvwa, pou m’ ka resevwa,
nou vle pataje yo ansanm avèk ou.
2. Se ou k’ ban m’ lespri pou m’ kapab reflechi,
Se ou k’ ban m’ devouman pou m’ gen ankourajman,
Se ou k’ gen puisans pou m’ kap wè ak konsyans,
Nou vle pataje yo ansanm avèk ou.
3. Se ou k’ ban m’ konprann pou m’ kapab aprann,
Se ou k’ ban m’ lafwa pou m’ ka gen lespwa,
Se ou k’ gen tandrès pou m’ ka jwenn richès
Nou vle pataje yo ansanm avèk ou.
4. Se ou k’ ban m’ ti pen an, pou m’ kab pa janm grangou,
Se ou k’ ban m’ diven an, pou m’ kapab renmen,
Se kò ou li ye, se san ou li ye,
Nou vle pataje yo ansanm avèk ou.