Mwen pral lòt bò a lakay papa mwen.
Fatig chemen an fini pou mwen.
Lè m’a janbe lòt bò rivyè a,
Manman m’ va ban m’ kè l’ pou m’ poze tèt mwen.
1. Mwen se yon pòv k’ap trennen toupatou,
Kote m’ pase, m’ se etranje.
Men mwen sèten lè m’a janbe lòt bò,
M’al jwenn kote pou m’ repoze.
2. Men karant an depi m’ sou rout la.
Chalè solèy la pa janm jennen m’.
Lonbraj gran frè mwen toujou poze sou mwen.
L’ap proteje mwen, l’ap konsole m’.
3. Men m’ pre rive nan bout vwayaj la,
Lanmè gronde, rivyè desann,
Lanmò tou pre m’ la, men li pa fè mwen pè.
Se tout mizè m’, m’ap lage ladann.