Mwen reve, mwen reve,
yon moun ki vin ban mwen lebra,
li di m’ pa ret drive ankò,
vin travay avèk li.
Mwen reve, mwen reve,
yon moun ki di: «M’ kanpe ak ou»,
li di m’ pa pè travay li a,
gran nèg sa a, se Jezu.
1. Mare senti w’, ale preche,
Èske w’ pa wè frè w’ y’ ap peri.
Pèp mwen an ap trangle.
Pa pran baton, ni pa pran zam,
al anonse gouvÈnman m’ nan;
bay ti frè m’ yo lespwa.
2. Ale, ale kot mechan yo,
di yo sispann fè sa k’ pa sa,
jou m’ nan gen pou l’ rive.
Leve vwa ou kote yo ye,
di yo pou yo chanje vi yo,
viktwa pòv yo ap sonnen.
3. Mwen la dèyè w’, m’ape gide w’,
m’ ap ba w’ limyè Lespri Sen an.
Kenbe fèm w’ a rive
menm si ou wè y’ ap boulvèse w’.
Se mwen k’ voye w’ travay pou mwen,
pa pè, fè mwen konfyans.
4. Moun ki konnen w’ devan lèzòm,
M’ ap konnen l’ tou devan Papa m’,
moun ki nye m’, m’ ap nye l’ tou.
Moun ki koute w’, mwen li koute,
Moun ki choute w’, mwen li choute,
li choute Papa m’ tou.