Jezu Granmèt m’vin pòte klè kè mwen ba ou
Se lan men ou, mwen vle pou l’ rèt koulye a.
* Mwen pote l’ ba-ou, kenbe li souple
Koulye a pou tout tan. (2)
1. Nan men zanmi li te ye
Yo pase l’ kont nan labou
Se pa bon konsa, se pou ou kè mwen dwe ye
* Mwen pote l’ ba ou, kenbe li souple, Granmèt
Koulye a e pou tout tan. (2)
2. Tout kote mwen pase
Mwen wè kle kè ap drive
Mwen vle viv pou ou, pou pa m’ nan
Nan men ou nèt
* Konsa m’ a kapab ale jwenn tout frè n’ yo
Pou m’ di yo : Fè tankou mwen. (2)
3. Jezu ou konn kè mwen frajil
Siveye l’ pou mwen souple
Pou l’ renmen sa w’ renmen,
Meprize sa w’ meprize
* Mwen vini pote kle kè mwen ba ou Jezu
Koulye a e pou tout tan. (2)