Mwen adore w’ avèk tout kè m’,
[M’adore w’ avèk tout kè m’. / Adorasyon…
Ou menm Bondye ki byen kache,
[M’adore w’ avèk tout kè m’. / Adorasyon…
Ou ki prezan reyèlman vre ,
[M’adore w’ avèk tout kè m’. / Adorasyon…
Anba bagay sa yo k’ parèt.
[Mwen adore w’ avèk tout kè m’. (2)
1. Mwen remèt ou tou sa k’ nan kè m’, [M’adore w’ avèk tout kè m’.
San m’ pa wete anyen ladan l’ ; [M’adore w’ avèk tout kè m’.
Paske antan m’ ret ap gade w’, [M’adore w’ avèk tout kè m’.
Kè m’ tout antye vin pèdi souf. [M’adore w’ avèk tout kè m’. (2)
2. Ni sa nou wè, ni sa n’ touche,…
Ni sa n’ goute, y opa jwenn ou,…
Se sa yo tande di sèlman,…
Sou li lafwa nou repoze. (2)
3. Tou sa Pitit Bondye a di,…
Mwen kwè l’, mwen met lafwa m’ nan li ;…
Pa gen anyen menm ki pi vre…
Pase paròl Verite sa a. (2)