Moun ki manje mwen,
Y’ap anvi m’ ankò.
Tout moun ki bwè mwen
Y’ap swaf mwen ankò.
1. Vini jwenn mwen nou tout ki anvi mwen.
Fò n’ ranpli nou ak fwi mwen donnen.
2. Sa k’ sonje mwen l’ap pran gou siro myèl.
Sa m’ lakay yo y’ap jwenn gato myèl.
3. Sa k’ manje mwen l’ap anvi mwen ankò.
Sa ki bwè mwen l’ap swaf ankò.
4. Sa k’ koute mwen li pap janm jwenn laront.
Sa k’ sou kont mwen pap janm fè peche.
5. Moun ki sèvi m’ temwen devan lòt yo.
Y’ap gen lavi ki pap janm fini.
6. Lwanj pou Bondye nan Lespri Pitit li.
Pou manje sa a li ba nou tout tan.