Montre mwen sa sa vle di.
Renmen frè m’ yo avèk ou Bondye.
Renmen frè m’ yo tout bon vre.
1. M’ ap sonje tou sa k’ nan lapenn
Tout frè m’ yo k’ap soufri.
M’ap sonje tout moun k’ap kriye
Tout sa k’ pèdi espwa.
2. M’ ap sonje tou sa k’ pa
Konprann,
Sa ki bouche je yo.
M ap sonje sa k’ ret ap gade,
Tou sa ki pè lite.
3. M’ ap sonje tou sa ki tonbe,
Sa k’ pa kapab ankò.
M ap sonje tou sa k’ pèdi rout,
Sa k’ vire do ba ou.
4. M’ ap sonje tou sa k’ nan batay,
Sa k’ refize dòmi.
M’ap sonje tou sa k’ap goumen
Pou demen ka pi bèl.