Mete men ou sou pitit ou Granmèt
Ba nou fòs kalite Lespri a
Pou n’ kapab fè tout ou vle san rete.
1. Ou rele Abraam, fèl vin papa anpil, anpil pèp.
Ou konble li ak fòs kalite Lespri a.
2. Ou te rele Moyiz mete l’ kanpe devan Fararon
Ou te met men sou li lage l’ nan Lespri a.
3. Ou rele Jezu-Kri met men sou li pou l’ mache devan ou,
Ou konble li ak fòs kalite Lespri a.
4. Ou rele Apot yo konsakre yo pou fè sèvis ou
Ou mete men sou yo pa pouvwa Lespri a.
5. Ou rele tout kretyen pou vin mache sou rout Jezu-Kri
Ou konble nou ak fòs kalite Lespri a.