1. Mesaje Bondye te vin anonse Mari
Bondye chwazi l’ pou manman pitit li.
* Mari te vin ansent pa pouvwa Lespri Sen an.
(Mari se pou kontan…)
2. Se nan sèvis Granmèt la mwen ye;
* Se pou sa fèt jan ou di a.
(Mari se pou kontan…)
3. Paròl Bondye a te tounen moun.
* E li te abite nan mitan nou.
(Mari se pou kontan…)
4. Manman Bondye lapriyè pou nou.
* Pou n’ merite jwenn favè Jezu promèt nou yo.
(Mari se pou kontan…)
AN NOU LAPRIYÈ: Granmèt, vide lagras ou a nan kè nou.
Gras a Gabriyèl, mesaje ou la, nou te vin aprann Pitit ou si
tèlman renmen an te tounen moun.
Tanpri, pa pouvwa soufrans ak lanmò li, kondi nou jous nan
laglwa leve vivan byen vivan an.
Pa pouvwa Jezu-Kri, Granmèt nou an. Amèn.