Bondye tout mwenm se pou ou
Tout sa m’ ye, tout vi mwen, tout mwen menm.
Mwen vin pote tèt mwen ba ou
Pou m’ sèvi ou menm sèl ak tout kè.
Men mwen!
1. Bondye se ou ki te fè mwen
Ou ki te fè mwen jan ou vle.
Ou ki te fè mwen jan mwen ye
Pou m’ sèvi ou ak tout kè mwen
Ou ki te fè mwen jan mwen ye
Pou m’ sèvi ou, men mwen.
2. Bondye, ou banm tou sa m’ genyen:
Yon kò vivan, yon nanm vivan.
Ou ban mwen tout fòs mwen genyen
Pou m’ sèvi ou ak tout kè mwen.
Ou ban mwen tout fòs mwen genyen
Pou m’ sèvi ou, men mwen.