Men Lespri Granmèt la poze sou mwen ! (2)
1. Granmèt la konsakre m’
Li pran m’ li met apa
Li voye m’ di pòv yo Bòn Nouvèl la rive
Li voye m’ pou m’ panse
Tout kè ki t’ap senyen
Li voye m’ delivre
Tout moun ki nan prizon.
2. Li voye m’ anonse
Men ane a rive
Pou Granmèt la fè gras
Pou l’ detwi tout peche
Li voye m’ konsole
Tout moun ki t’ap soufri
Pou m’ ba yo yon rad fèt
Nan plas rad dèy yo a.
3. Li voye m’ fè tout moun / Chante lwanj pou Bondye
Olye pou y’ap plenyen / pou yo dekouraje
Li voye m’ fè yo wè / yo se jaden Bondye
Granmèt la plante yo / pou l’ anbeli kay li.