Manman Mari, aprann mwen pale paròl ou konn pale
Pou rakonte jan Bondye bon.
Ou se manman tout pitit Bondye ba nou edikasyon
Ki pou fè n’ rive nan syèl la.
1. Nou bezwen yon kouraj ki sanble avèk pa ou,
Pou pèmèt nou genyen fòs pou n’ pa tonbe nan tenten,
Ou se modèl pou tout kretyen ki pa pè pote chay,
Yon sòlda dwe pou fè pòs pi byen chak jou.
2. Yon manman toujou veye timoun k’ap mache
Pou l’ pa boule nan dife, ni pou bouch li pa kraze,
Se poutèt sa Manman Mari nou gen konfyans nan ou
Paske ou te reskonsab pitit Bondye.
3. Lè Bondye te mande ou pou te manman Jezu
Ou pa te janm refize ni ou pat mande pouki.
Ou te resevwa yon kado ki pou limanite,
Pou tout sa ki gen fado vin jwenn Bondye.
4. Tou sa Jezu mennen, ou pran yo kòm pitit
Ou pa vle yo retounen tankou moun ki pa gen tit.
Nou ta renmen, manman cheri tout peyi Dayiti
Pou tout moun vini nan fanmiy Jezu-Kri.