Manyifikat, mèsi Bondye.
Dènye ras vivan ap chante pou mwen.
Y’ap plede di mèsi Bondye!
1. Kè m’ ap chante lwanj ou.
Bondye Granmèt mwen.
Pou jan ou panche kè ou
Vin jwenn pòv sèvant ou a.
Alèkile atò men dènye ras moun yo
Pral chante lwanj pou mwen.
Y’ap di: Ala chans Mari genyen!
2. Se fòs ponyèt ou vre.
Ki fè mèvèy sa yo.
Fò m’ di kijan non ou sen
Pou jan ou renmen nou.
Se ras an ras vre
Ou pa janm bliye moun
Ki gen konfyans nan ou
K’ap di: Ala chans Mari genyen!
3. Ou montre pouvwa ou
Ou gaye toro yo.
Ou plen vant malere yo.
Gro richa yo fè zero.
Pou Israyèl vre
Renmen chire kè ou.
Apa dènye moun ap di: Ala chans Mari genyen!