Manman Sajès Jezu, Medyatris li, [Manman gras la,
Li menm sèl Medyatè k-ap defann nou, [Medyatris li
Manman Sajès Jezu, Medyatris li, [Manman gras la,
Louvri kè-n pou-n fè yon sèl ak li. [Medyatris.
1. Nou salue-ou, Manman Sajès Bondye-a,
Ou-k pote-l nan zantray ou ki vyèj la,
Li-k Bondye avèk moun tout bon vre-a,
Ou-k ba nou-l, li menm menm ki fè-n gras.
2. Nou salue-ou, Mediatris Gras Bondye-a,
Ou-k kanpe, asosye Jezu-Kri-a,
Lè-l rachte-n, lè-l sove-n, lè-l fè-n viv la,
Lè-l ba-n glwa k-ap dire pou tout tan-an.
3. Nou salue-ou, Sekou Egliz Bondye-a,
Ou-k deplwaye renmen-ou kòm manman-n nan,
Entèsesyon, padon, demann, gras la,
Rekonsilyasyon avèk lapè.
4. Nou salue-ou, Rezèv Trezò Bondye-a,
Ou-k plen richès li k-ap debòde yo,
K-ap koule sot nan merit Jezu yo,
Pou-n fè yon sèl avèk li pi plis.
5. Nou salue-ou, Pòt Paradi Bondye-a
Ou-k renmèt nou lavi Èv pèdi-a,
Ou-k resevwa Pitit sot nan syèl la,
Sovè tè-a, se ou-k anfante-l.
6. Nou salue-ou, Avoka Kè Bondye-a,
Ou-k plede kòz nan tray ak danje-n yo,
Manman Mizerikòd la k-tou pre-n nan,
Ak konfyans n-ap kache kò-n kote-ou.