Manje sa a ou voye ban nou an Papa a
manje ki bay lavi.
1. Manje a ban nou plis fòs
Nan lite lajounen tankou lannuit
Pou règn Bondye a rive vre.
2. Manje a fè n’ vin pi fre
Li fè nou fome yon kokenn fanmi
Kote Bondye sèl se Papa.
3. Manje a se Jezu-Kri
Pen vivan ki soti tonbe nan syèl
Pou tout pitit Bondye manje.
4. Manje a se yon seròm
Ki gaye lavi Bondye nan vi nou
Pou nou kab pa pòtre zombi.