1. m’ ape travay pou mwen leve tè a.
Tout moun m’ kontre anndan kè mwen.
Anpil mouri, se yo ki te tanmen.
Sa ki dèyè va kontinye.
Youn fè pou lòt, len sèvi lòt.
Nan pwen ki mèt, nan pwen k’ esklav.
Si ou pa travay, ou pape viv.
2. Tout byen latè se pou tout moun yo ye.
Chak moun travay pou tout moun viv.
Genyen se byen, men genyen tròp se mal.
Fò tròp sila a tounen pou pòv.
3. Yon kè kretyen sansib pou moun ki pòv.
L’ap fè tout jan pou yo kab viv.
Lè y’ap plenyen poutèt problèm yo grav.
Li met ak yo pou yo pran fòs.