1. M’ ape chanje figi m’.
N’ape chanje figi m’.
Frè mwen yo, sè mwen yo
N’ap chanje figi nou.
N’ap travèse lòt bò dlo tout ansanm
Pou n’ al fete nan fèt y’ap fè pou nou.
Lòt bò dlo, lòt bò dlo.
Men pou nou kab travèse
Se pou nou chanje tou sa k’ sou nou.
Lòt bò dlo, lòt bò dlo.
An n’ al fete nan fèt y’ap fè pou nou.
2. M’ ape chanje lide m’.
N’ape chanje lide n’.
Frè mwen yo, sè mwen yo
N’ap chanje lide nou.
3. M’ ape chanje chemen m’.
N’ape chanje chemen n’.
Frè mwen yo, sè mwen yo
N’ap chanje chemen nou.