Lapriyè pou nou,
Ou k’ Manman Bondye
Pa kite n’ tonbe
Nan pyèj peche.
1. Ou ki Vyèj tout vyèj yo,
Ou k’ Manman Jezu-Kri a,
Manman favè Bondye a, priye pou nou;
Manman ki tou nèt la,
Manman ki gen kè l’ pròp la,
Manman ki pa gen tach, pa kite n’ peche.
2. Manman k’ pa gate a,
Manman nou dwe renmen an,
Manman ki vre modèl, priye pou nou;
Manman bon konsèy la,
Manman Sila a k’ kreye n’ nan,
Manman Sila a k’ sove n’, pa kite n’ peche.
3. Ou k’ Manman Legliz la, 6. Pòt ki louvri Syèl la,
Vyèj ki plen ak Sajès la, Zetwal nan devan jou a,
Vyèj nou dwe respekte… Sante pou moun malad…
Vyèj nou dwe fè lwanj li, Kachèt pou pechè yo,
Vyèj ki gen fòs nan men l’ nan, Dousè sa k’ nan lapenn yo,
Vyèj ki gen kè l’ sansib… Sekou pou tout kretyen…
4. Vyèj ki ret fidèl la, 7. Rèn tout Mesaje yo,
Glas pou nou wè jistis la, Rèn tout zansèt lafwa yo,
Fotèy Sajès Bondye… Rèn tout Profèt Bondye…
Kontantman pou kè nou, Rèn Apot Granmèt yo,
Kristal tout-an-espri a, Rèn Mati Jezu-Kri yo,
Kristal nan plas donè… Rèn sa k’ preche lafwa…
5. Ou pou n’ bay tout kè nou 8. Rèn tout sen ki Vyèj yo,
Flè roz lavi Bondye a, Rèn tout sen ki nan Syèl la,
Chato defans David… Rèn ki fèt san peche…
Kay-defans solid la, Rèn monte nan Syèl la,
Kay ki bati ak lò a, Rèn Rozè a ki sen an,
Kòfrefò pou kontra… Rèn k’ ap ba nou lapè…