Limyè Bondye anvayi toupatou,
Li delivre sa k’ te nan fènwa,
Li bay tout moun kè poze, kè kontan,
Li fè nou pitit Bondye.
1. Tè a te nan fènwa, 4. Minuit t’ap karyonnen
Peche te fin avegle l’, Silans vlope tout bagay
Limyè Bondye klere, Paròl Bondye desann
Li vin sove l’ ak renmen l’. Li pot lavi ak limyè.
2. solèy la fin kouche 5. Nou pat konprann anyen
Dòmi-fredi angoudi n’ Nan sa Bondye deklare,
Dife Bondye pase, Lespri Bondye soufflé
Li sèmante pou l’ geri n’. Li mete syans andan kè n’.
3. Lannuit plen tout kote 6. lanmò te fin tenyen n’
Pèsonn pa wè pou l’ mache Li abiye nou tou nwa
Zetwal Bondye leve, Lavi Bondye limen
Li dirije pèp li a. Li abiye n’ ak limyè.