Rèl, plenn, anmwe pèp mwen an mwen tande,
Tribilasyon k’ap souse l’ mwen wè tout.
Mwen pap tann anyen kouny’a,
Mwen konprann,
Brid sou kou san fè reta mwen vini.
Kè m’ fann, demajezon pran m’ nan zantray.
Nou pap rete ak moun ankò menm.
Mwen vini delivre nou.
M’ap ban nou tè chè-mèt, chè-mètrès.
LIBERASYON! DELIVRANS!
1. Se kòd trip mwen, zantray mwen nou ye.
Mwen sansib pou nou anpil.
Soufrans nou reponn mwen nan zantray.
LIBERASYON! DELIVRANS!
O Bondye Granmèt nou, ou libere nou.
Mèsi n’ape di ou pou delivrans sa.
2. Moun k’ap matirize n’ yo va ront.
Mwen menm m’ap pase n’ dèyè;
Batay sa a n’ap genyen li san mank.
LIBERASYON! DELIVRANS!
3. N’a kòmanse viv, viv tout bon vre
Pòtre m’ nan nou repare.
Goute delivrans liberasyon.
LIBERASYON! DELIVRANS!