Li rele mwen: m’al koute sa l’ap di mwen;
M’ale wè sa l’ap ban mwen.
Se lavi m’ li mande m’ o…
Li voye mwen di tout moun li renmen yo,
Di tout moun lape tann yo vin travay avèk li.
1. Jezu di:
«Ala rekòlt la anpil ala piti bann travayè yo piti.
Lapriyè met rekòlt la pou l’ voye travayè».
2. … «Se mwen ki chemen an, se mwen ki lavi a,
Se mwen ki laverite a».
3. … «Se mwen ki pye rezen an, nou menm se branch yo
Kole sou mwen na donnen anpil».
4. … «Vin jwenn mwen, nou tout k’ap redi,
Nou tout k’ap pote chay, m’ap bannou soulajman.