FWI AK KADO LESPRI A (Gal 5,22-25; Is 11,2)
Lespri Bondye, desann sou nou,
vin anvayi tou sa w’ kreye,
fè nou konprann tou sa w’ mande!
1. Limen dife renmen w’ nan kè n’;
met kontantman w’ nan relasyon n’;
ba nou lapè w’ nan tout lavi n’;
Fè nou sèvi Jezu temwen.
2. Montre n’ fason pou n’ gen pasyans;
akòde vi n’ avèk bon kè w’;
louvri de men n’ pou n’ rann sèvis…
3. Asire pye n’ sou rout lafwa,
vide dousè anndan fon kè n’,
donte move panchan nou yo…
4. Voye lespri sajès sou nou,
kache entèlijans nan kè n’,
kondi n’ ak men w’ pou n’ bay konsèy…
5. Plante n’ solid avèk fòs ou,
regle jijman n’ avèk syans ou,
plen nou ak krent avèk pyete…
6. Fè nou donnen bon FWI ki gou,
fè n’ devlope KADO ou yo,
fè nou met kè n’ nan kè Mari…