Kyrie, Granmèt, pitye pou nou, pitye pou nou! (2)
1. Lè yon moun ofanse Bondye
Tout kreyati anvi tonbe sou li
Yo ta vle kase dènye chenn
Vide sou li pou yo aneyanti l’,
Pitye! Men poutan, Papa ou ban n’ yon dènye chans
Pou nou konvèti, pitye pou nou.
Jezu-Kri, Granmèt, pitye pou nou, pitye pou nou! (2)
2. Lè yon group kòmanse peche
Tè a ta vle chavire tèt anba
Se dezòd, wi se debandad ki ta genyen
Si Kris pa te vini, Pitye!
Men poutan Jezu de bra ou gran ouvè
Pou anbrase nou.
Kyrie, Granmèt, pitye pou nou, pitye pou nou! (2)