SOLO: Kretyen leve kanpe di sa nou ye.
FOUL: Wi, wi nou se Legliz, Legliz se nou.
Nou se pèp Bondye k’ap adore l’,
N’ap travay pou tè a sove, Alelouya.
1. Legliz, se pèp Bondye l’ ye.
Se kò Jezu-Kri vivan.
Se kreyati Lespri Sen an.
Legliz se pèp ki temwen an
2. Legliz se pèp ki sen an.
Kominote batize yo.
Se kominote fidèl yo.
Kominote moun ki kwè yo.
3. Legliz se kay Bondye l’ ye.
Se kay sakre Lespri Sen.
Se rasanbleman tout sen yo.
Rasanbleman Bondye menm menm.
4. Legliz se prezans Bondye.
Kote l’ rete nan mitan n’.
Se siy wayòm Bondye pou nou.
Se sèvitè nou tout li ye.
« Pour toi, quand tu pries, retire-toi dans ta chambre, ferme
sur toi la porte, et prie ton Père qui est là, dans le secret; et
ton Père, qui voit dans le secret, te le rendra » (Mt 6,6)