Kote youn renmen lòt.
Kote gen renmen tout bon, la Bondye ye.
1. Kè Jezu renmen nou.
Se li k’ rasanble nou, fè nou fè youn.
O non de Jezu-Kri fete kontantman nou,
Pran plezi nou.
Granmèt la vivan n’a gen respè pou li, renmen li tou.
E se tout bon vre pou nou youn renmen lòt.
Ak tout dousè ki nan kè nou.
2. Tankou yon sèl fanmi.
Kan nou reyini la nou tout ansanm
Pou nou pa dozado veye santiman nou,
Anndan kè nou.
Se pou nou fini avèk tout vye rankin, vye diskisyon.
E se pou Jezu rete nan mitan nou.
Li yon sèl tèt, nou yon sèl kò.