Granmèt mwen pap mande ou kote ou pral avè m’ o.
Se ou ki rele m’, ou di mwen suiv ou
Mwen menm mwen obeyi.
1. Se granmoun ou ye, ou konn tout bagay .
Ou k’ grenn promennen, mwen menm se bwa pi ro a.
Ou wè pi plis pase m’.
2. Menm sa se sekrè ou devwale li
Limyè sajès ou, wè tout sa k’ pral rive a
Kit pita kit demen.
3. Toupatou ou la, kote mwen pase.
Ou lonje men ou di m’ nan ki direksyon
Pou m’ mache vin jwenn ou.
4. Moun ki vle suiv ou, se pou l’ pote kwa l’.
Granmèt mwen dakò, men tanpri souple
Pa kite m’ pou kont mwen.