Konpliman pou ou, ou k’ Manman Bondye,
Pou tout tan gen tan.
1. Konpliman pou ou, Mari
Ou menm ki pitit Bondye.
Bondye Granmèt la kreye w’
San okenn peche.
2. Konpliman pou ou, Mari,
Ou menm ki madanm Bondye.
Bondye Granmèt la renmen w’
Plis pase tout fi.
3. Konpliman pou ou, Mari
Ou menm ki manman Bondye.
Bondye Granmèt la chwazi w’
Pou ba li lavi.
4. Konpliman pou ou, Mari,
Ou menm ki trezò Bondye.
Bondye Granmèt la kite w’
Nan men fanmi li.