Konpliman pou Bondye nou an
Konpliman pou Granmèt la
Ala mèvèy li fè,
Ala renmen l’ renmen nou.
* Se pou nou chante, se pou nou danse
Se pou nou rele : Viv Bondye Granmèt la ! (2)
1. Se pou tout flè chante:
Konpliman pou Granmèt la
Se pou zwazo nan bwa di:
Konpliman pou Granmèt la.
Se tout latè k’an jwa : Lwanj pou Granmèt la!
2. Li bay tèt li pou nou, …
Men li leve byen vivan, …
Li avèk nou tout tan: Fòn pa bliye sa!
3. Li ba nou lavi li, …
Li kase tout vye chenn yo, …
Se li menm ki fòs nou: Nou pa pè anyen!