Kòmandman Jezu ba nou, se pou nou youn renmen lòt,
Menm jan li menm li renmen n’, jous li mouri sou yon kwa.
1. Nan aswè Jezu sen an, li mare sèvyèt nan tay li,
Li pase devan yo tout, li lave pye Apot yo.
2. Nan lapriyè Jezu fè, li mande Papa l’ favè a,
Pou patizan l’ yo fè youn, pou tout moun rekonèt non l’.
3. Pandan l’ ap soufri sou kwa a, li padonnen tout bouro l’ yo,
Li sèvi yo avoka, li di: « yo pa fin konprann ».
4. Lè l’ apral monte nan syèl, li kite konsiy pou frè l’ yo,
Pou yo kap sèvi l’ temwen, antan yo tout viv kòm frè.
5. Jou Dimanch Lapannkot la, Lespri Sen desann sou kay la,
Li fè tout patizan yo tounen yon sèl kòd fanmi.
6. Premye kominote a te gen yon sèl kè yon sèl nanm,
Yo pa t’ konn fè regadan, sa k’ pou youn li te pou lòt.
7. Nan Legliz jodi a menm, se yon sèl fanmi tout moun ye,
Manman nou nan mitan nou, l’ ap kalme ti kont nou yo.