Kilès sa a ki parèt tankou solèy ki fèk leve,
Ki bèl pase lalin, ki klere pase solèy,
Ki terib tankou lame ki pare pou l’ goumen?
(Priyè S. Jan Bosco te konpoze)
1. O Mari, vyèj ki gen pouvwa sou kè Bondye,
Se ou menm ki gran defans Legliz la,
Se ou ki « Sekou tout Kretyen »!
2. O Mari, vyèj ki gen pouvwa,
Ou terib tankou lame nan batay:
Se ou ki detwi tout manti
Ak limyè Jezu.
3. Gade, nou nan kè sere, n’ ap goumen, n’ ap pase mizè,
Tanpri defann nou anba fòs ki vle kraze nou nan lavi sa a,
E lè nou pral mouri vin pran nou
Mennen nou al jwi ansanm avèk ou,
Kè kontan ki pap janm fini an nan syèl la!