Kilès bèl madanm sa a ki klere pase solèy.
Kilès bèl madanm sa a ki parèt soti nan syèl?
1. Se solèy la ki vlope l’, li gen lalin anba pye l’,
Ak yon kouròn douz zetwal sou tèt li,
L’ap rele, li lan doulè pou l’ akouche.
2. Atò mwen wè yon lòt sign: yon dragon rouj dife,
Ak sèt tèt ak dis kòn ki parèt,
Li pare pou l’ devore ti Pitit la.
3. Pitit gason an men li fèt, se Li ki va chèf tout nasyon,
Nan tout peyi l’a kòmande ak Kè l’ tout dou,
Men se Jezu sovè n’ nan vre k’ap mennen n’ al jwenn Papa l’
E se gras a Mari ki vyèj.
4. Manman Mari, ou ki monte nan syèl ak kò ou
Nan yon limyè, yon klète san parèy,
Sonje pitit ou yo, nan konba lavi a,
Pou n’ kab rive yon jou, nan bèlte san parèy la …
O o Manman Mari, O o Manman Mari, O oo Manman Mari…