Met tèt nou ansanm, mezanmi, kenbe pa lage, mezanmi,
Konsa n’a rive, mezanmi, lakay Papa nou, mezanmi.
1. N’ap debat ak espwa, n’ap chèche,
Chèche delivrans, frè m’ yo.
N’ap mache nan fènwa, men m’ sèten
Yon jou limyè a va klere…
2. Se depi kounye a, mwen ki nou
Pou n’ met tèt ansanm, frè m’ yo.
Youn dwe ba lòt bourad sou rout la;
Frè ap ede frè nan traka.
3. N’ap travay ak espwa
N’a lite san rete frè m’ yo.
Lavi a di, se vre, men n’ konnen
Yon jou va rive: n’a kontan…