1. Mwen santi kè m’ ap danse
Lè m’ap chante lwanj pou Bondye
Ki sèl mèt lavi mwen.
Se li k’ap dirije m’, konsole m’
Montre m’ rout, pou mwen suiv
San tronpe lafwa mwen.
Wi se li ki tout fòs mwen
Remèd pou geri nanm mwen
Tanpri ba mwen kouraj
Pou m’ mache avèk ou Bondye mwen.
2. Tout kè ki genyen Bondye
Toujou kontan, toujou renmen
Paske yo chèche lapè
Tout sa ki santi l’ san fòs
Lè l’ chante, lè l’ priye
Li reprann tout fòs li.