Jozèf ou te kenbe plas Bondye
Pou ou responsab madanm ak pitit
Tout kò-d-fanmi nou yo vin jwenn ou
Pou ede nou mache jwenn Bondye.
1. Jozèf se ou Granmèt la chwazi
Pou se ou menm li konfye Mari
E ou reponn bay Mari defans
Proteksyon tou avèk tout debyen.
2. Gras a konfyans Mari gen sou ou
Li aksepte vin Manman Jezu.
Li byen kontan jwenn api sou ou
Ou leve tèt li devan tout moun.
3. Lè sovè a parèt sou latè
Moun ki te premye wè li se ou
Pitit Bondye tounnen pitit ou
E ou gen menm paròl ak Bondye.
4. Ak kè devwe chak jou w’ap travay
Pou ou swen madanm ou ak pitit ou
Se plas Bondye ou kenbe pou yo
Se nan kè ou kè Bondye pase.