Jodi a, mwen rankontre Jezu Granmèt mwen.
Mwen chwazi l’ se volonte mwen.
Se pou l’ prezan chak jou nan vi mwen.
Se pou l’ prezan chak jou nan vi mwen toulèjou.
1. Jezu renmen mwen an premye
Se sa li di mwen toulèjou.
Li renmen m’ depi m’ nan vant manman m’
Se sa li di mwen toulèjou.
Li chwazi m’ pi rèd jou batèm mwen.
Se pou l’ prezan nan vi mwen toulèjou.
2. Li vle m’ fè kichòy nan vi mwen…
Fè l’ piti fè l’ byen, se pou Jezu…
E li di m’ san li anyen pa bon…
3. Jezu ban m’ yon souf nan vi li…
Li ban mwen l’ ak tout bòn volonte l’…
Li ban mwen l’ pi rèd jou lanmò li…