Jezu sovè m’ ape suiv ou
Ou menm ki te mouri pou mwen
Pa janm kite mwen lage ou
Tanpri Granmèt, kenbe m’ souple.
1. Chemen an souvan difisil,
Jezu sovè, m’ ape suiv ou.
Avèk ou l’ ap vin pi fasil,
m ape suiv ou, kenbe m’ souple!
2. Chemen an janbe nan fè nwa…
Mwen konnen ou kapab klere l’…
3. Chemen an gen glise tonbe…
Kenbe men mwen pou m’ pa tonbe…
4. Chemen an gen dekourajman…
Avèk ou m’a gen kont kouraj…
5. Fè mwen renmen tout chemen ou…
Ban m’ lafwa, konfyans ak renmen…