Jezu resisite! Alelouya, Amèn.
An n’ di Bondye mèsi, Alelouya, Amèn.
Tou sa ki gen lavi se pou n’ chante lwanj Bondye.
An n’ di Bondye mèsi, Alelouya, Amèn.
1. An n’ fè lwanj pou Bondye nan lakay li ki sen.
An n’ fè lwanj pou Bondye nan syèl li ki plen mèvèy.
2. An n’ fè lwanj pou Bondye pou gran mèvèy li fè.
An n’ fè lwanj pou Bondye pou tou sa l’ fè ki gran.
3. An n’ fè lwanj pou Bondye ak tronpèt ki gen fòs.
An n’ fè lwanj pou Bondye ak gita ak pyano.