Jezu leve, li pap mouri,
Tout klòch sonnen, yo karyonnen.
Jezu leve, li pap mouri,
Lanmò fini, lavi kanpe.
1. Limyè Jezu, klere nan kè w’,
Menm si fènwa vlope tout moun.
Nan devanjou Dimanch Pak la,
Mari-madlèn pa fin wè klè.
2. Lapè Jezu, chita nan kè w’,
Menm si sekous trouble tout moun,
Nan devanjou Dimanch Pak la,
Lanj Granmèt la, roule ròch la.
3. Lavi Jezu jèmen nan kè w’,
Menm si lanmò seche tout moun,
Nan devanjou Dimanch Pak la,
Gad yo sezi, yo kòm mouri.
4. Mesaj Jezu, pale nan kè w’,
Menm si silans koud bouch tout moun,
Nan devanjou Dimanch Pak la,
juif yo peye pou kache sa.
5. Lwanj pou Papa a ki bay lavi,
Pou Pitit la li fè leve,
Pou Lespri a ki padonnen
Lwanj pou Bondye, tout tan, amèn!