SOLO : Sa Jezu-Kri ye?
FOUL : Jezu-Kri se pen vivan an
Bondye voye bay pèp li a.
* Manman Mari pote l’ pou nou. (2)
1. Jezu se pen k’ sòti nan syèl.
Bondye ban nou pou lavi n’ pi anfòm.
2. Jezu di nou : « Chèche sitou
Manje nan pen ki pap janm fini an ».
3. Bondye Granmèt, toujou ban bou
Manje vivan ki sòti nan syèl la.
4. « Moun ki manje nan pen sila a
An verite li pa gen dwa mouri ».
5. Pen pou n’ manje si kè nou pròp.
Si n’ abiye avèk lavi bondye.
6. Pen pou n’ manje si nou renmen.
Si n’ fè ak lòt jan Bondye fè ak nou.