Ganmèt se ou ki sèl espwa mwen
Se ou ki sèl defans mwen
Nan tout sa ki kapab rive mwen
Se ou ki pou sove m’.
1. Limyè k’ ap klere m’, proteksyon ki pou sove m’
se kote Bondye sèlman mwen jwenn yo.
Poutèt Granmèt la k’ ap veye sou lavi mwen
Nanpwen anyen kikapab fè mwen pè.
2. Lè moun ki mechan konprann pou yo atake m’
e y’ ap chèche pou yo devore m’
Se yo menm ankò bann lenmi ak advèsè
Ki pou pèdi pye e pou bat ba devan m’.
3. Menm si yon lame ta vini goumen ak mwen
ou pa bezwen kwè kè m’ ap sote.
Lè tout moun va wè yo leve lagè sou do m’
Yo mèt sèten konfyans mwen toujou fèm.